top of page

Se yon pwosedi chirijikal ki  dwe fèt aprè operasyon katarat, sa depann de karakteristik  je a, lantiy ki ladan ak espesyalman laj pasyan an.
   
Trètman sa fèt pou netwaye oswa retire kapsil dèyè kristal je a ak Yag Láser.

Nou gen Lazè pou trètman pou maladi je yo, e gen nan lis la  Láser Diodo verde Supra de Quantel Medical pou trètman Retinopati Dyabet.

Yag Alcon 9000 lazè, pou netwayaj lantiy, aprè operasyon katarat ak pou operasyon etwat glokòm, ak kèk lot anko.

Nan sant espesyalize nou yo nou fè tout kalite pwosedi lazè, pami yo nou gen:

  •  Capsulotomía Yag Láser  

  • Iridotomía Yag Láser

  • Panfoto Coagulación Retiniano  

  • Macular Fotoestimulación Micropulso Diodo Láser

  •  Cirugia Lasik y Prk 

 

 

OPERASYON NOU FÈ

Kapsilotomi Yag Láser

Iridotomi Yag Láser

Nan realizasyon an yo kreye yon ti twou nan sou kote iris la ki pèmèt zòn dèyè a ak zòn devan an kominike, e konsa, kreye balans nan presyon ant yo de a.

Anvan yo fè pwosedi a ak yon medikaman yo redwi gwosè andedan je a. Apresa yo aplike ak yon lantiy dirèkteman sou iris la lazè a, yon twou vinn fòme epi pèmèt yo wè lantiy je a byen. Pwosedi sa gen anpil sekirite.

Panfoto Coagulación Retiniano

Trètman sa se pou diminye nan danje pasyan retinopati dyabetik, oksidasyon vaskilè ak glokòm neovaskilè.

Oftalmològ ou a itilize  yon lazè ak anpil presizyon pou fèmen veso sangen yo ki anòmal  nan retin lan pou evite yo depase limit epi senyen sa ki ka lakoz anpil  dega nan retin nan.


Li enpotan poun mansyone ke li se pa yon pwosesis refraktif, men objektif li se kontwole veso san nòmal epi evite detachman retin nan.

OPERASYON REFRAKTIF

Operasyon refraktif se yon seri pwosedi ki modifye anatomi a nan je a, espesyalman kònè a, ki elimine yon fwa pou tout domaj refraktif pou miyopi, ipèmetropi ak astigmatis pou moun lan pa bezwen itilize linèt oswa lantiy anko.

 

 

bottom of page