top of page

Kisa´l ye?

Okiloplastik se pati nan oftalmoloji ki etidye ak eseye rezoud pwoblèm ki afekte po je yo, dlo nan je ak òbit je yo.

Ptosis Palpebral

Maladi sa se le pòpyè anlè je a tombe sou je a. Sa yo ka afekte vizyon an. Se yon feblès nan mis anlè je a ki pwodwi sa.

​

Li ka parèt depi nan nesans, depann sou degre li ye yo fe operasyon nan mis lan e sil paka ranje yo fe mis  devan tèt la rete kanpe.

​

Operasyon sa non selman ranje vizaj moun lan men li amelyore fason li wè.

RETRAKSYON PÒPYÈ

Maladi ki fè pati espesyalite sa a se:

Se yon patoloji ki anjeneral parèt epi asosye ak tiwoyid, li bay pasyan an yon aspè moun ki  pè.

Operasyon an fèt pou febli mis ki anlè je yo, epi pèmet pasyan an retounen gen bon ekspresyon li, li reyabilite li pou lavi sosyal ak travay li.

Entropion  se yon entrovèsyon nan anba pòpyè a, Ectropion se ekstravèsyon  nan anlè pòpyè a. Tou de anomali sa yo lakòz iritasyon ak anpil dlo kap soti nan je yo, anpil ka se akòz laj.

Koreksyon pou tou de fèt ak anestezi lokal, kote yo sere popye yo ak seri ti kouti byen senp.

TIMÈ NAN PÒPYÈ

Timè  pòpyè yo reprezante yon gwo pwoblèm nan patoloji oftalmolojik.

Pifò blesi ki parèt sou pòpyè yo se timè, kidonk sa yo dwe etidye apwè yo fin retire yo, paske yo kapab afekte lavi pasyan an.

Se yon seri boul anlè je a. Yo fòme lè yon glann  nan anlè je a ke yo rele glann Meibomian vin elaji. Yo trete li ak konprès cho, krèm antibyotik, piki esteroyid ak operasyon.

Chalazión ak Esti

Oftalmologo en Santiago, Oftalmologos, Oftalmolaser

Okiloplastik

Entropyon ak Ektropyon

bottom of page