top of page

Botòks

METE FEN AK PLI NAN FIGI

Botòks ak enfiltrasyon  toxina botulinica tip A, ideyal pou trètman estetik pou pli nan figi. Lè nou ri, lè nou fache, lè nou leve sousi nou yo, lè nou sezi oswa doute, mis yo plwaye epi yo kreye sa nou rele "pli oswa mak akoz ekspresyon".

KI AVANTAJ BOTÒKS BAY? 

  • •Li Pa egzije tès pou alèji.

    • Ou ka fèl nan kou ak lòt kote ki dekolte.

    • Li gen bon rezilta nan fòm vizaj.

    • Li ka aplike nenpòt ki lè nan ane a.

    • Botòks se yon pwosedi ki pa chirijikal ki fèt nan biwo yon doktè.

    • Botòks pa chanje ekspresyon natirèl nan figi pèsòn; menl bay pi gwo limyè ak ekleraj sou po a.

 

KOMAN BOTOKS LA AJI?

NINPÒT MOUN KA FE BOTÒKS?

Botòks pèmèt mis yo  rete dwat sa ki anpeche fòmasyon pli . Li gon efè an mwayèn nan 6 a 8 mwa.

KOMAN TRÈTMAN AK BOTÒKS FÈT?

Nenpòt ki moun ki gen pli ka sibi trètman botòks, sepandan, se doktè a ki deside si se tretman botòks moun lan vrèman bezwen.

Botòks egalman efikas pou gason tankou fanm.

 

Doktè a dwe evalye chak pasyan endividyèlman epi detèmine trètman ki pi apwopriye pou chak ka.

Teknik la se yon aplikasyon toksin ak dòz ki ba anpil. Yon fwa enfiltrasyon toksin botilinòm yo fin ranpli, pasyan an dwe kenbe yon pozisyon dwat pou 4 èdtan, jiskaske toksin lan efektivman distribiye e aji sou li.

ESKE BOTÒKS KA ITILIZE MELANJE AK KÈK LÒT TRÈMAN POU BÈLTE?

Wi, botòks ka konbine avèk pwosedi chirijikal ak pwosedi ki pa chirijikal pou bèlte. Se sèlman doktè ki resevwa fòmasyon ki dwe fè pwosedi a, paske yo dwe konnen anatomi figi an.

Pasyan ansent, sa kap bay timoun tete, sa yo ki gen enfeksyon sou po yo oswa nan figi yo ak sa yo ki soufri kèk maladi miskilè dejeneratif pa dwe fè pwosedi sa.

 

bottom of page