
Nou gen twa sal operasyon ak yon ekip moun ki gen eksperyans ak anpil antrènman nan teknik ki pi modèn pou fè operasyon nan je, epi gen teknoloji dènye modèl pou realizasyon yo.
Nou gen de nan chanm ki pi konplè pou operasyon je nan peyi a avèk:
-
Microscopio Luxor
-
Facoemulsificador Centurium
-
Machin anestezi
-
Monitoreo cardíaco
-
Microscopio Leyca 690 con sistema Illumin-i
-
Facoemulsificador Constellation anterior y posterior
-
Ekip ak enstriman dènye modèl pou operasyon je, retin, elatriye.




PWOSEDI NOU FE
OPERASYON KATARAT
Operasyon katarat se yon pwosedi pou retire yon lantiy opak (katarat) nan je a.
Gen de teknik pou retire yon katarat ki depann sou kalite li yo: Phacoemulsification ak Extracapsular ekstraksyon. Nan Phacoemusification se yon enstriman yo itilize pou kraze katarat la ak ond epi apresa yo retirel. Pandan ke Extracapsular ekstraksyon la yo retire katarat la tout antye nan yon sèl pyès.
Bag andedan kònè yo se youn nan mezi ki fè fas a dezyèm degre keratoconus nan pasyan nou yo.
Se yon enplantasyon nan yon sèl oswa tou de je yo yon bag ¨acrylic¨, depann de nesesite chak pasyan, anndan kònè pasyan an ki sispann pwogresyon nan keratoconus la ak regilarize li.
ENPLANTASYON VALV POU GLOKOM
Trabekilektomi
OPERASYON STRABISMUS
Se yon koreksyon pou devyasyon nan je yo, yo ka trete ak linèt men gen sitiyasyon linèt pa ase. Lè sa a operasyon reprezante tretman ki pi ideyal la.
Fondamantalman, sa nou fè se febli oswa ranfòse mis yo ki deplase je a nan pozisyon nòmal li, konsa je yo jwenn yon aliyman estetik apwopriye.
Blefaroplastik
Se yon pwosedi pou retire grès ak po ki twop bò je yo ak mis nan anlè ak pi ba po je yo.
Li ka korije pòpyè yo lè yo tonbe epi anba je yo tou, bagay sa yo fè nou parèt pi gran ak plis fatige, epi, nan kèk ka, ka afekte fason nou wè.
KOREKSYON NAN ECTROPION AK ENTROPION
Entropion se yon entrovèsyon nan anba pòpyè a, Ectropion se ekstravèsyon nan anlè pòpyè a. Tou de anomali sa yo lakòz iritasyon ak anpil dlo kap soti nan je yo, anpil ka se akòz laj.
Koreksyon ak tou de fèt ak anestezi lokal, kote yo sere popye yo ak seri ti kouti byen senp.
KOREKSYON PTOSIS PALEBRAL
Operasyon koreksyon po je yo, se yon ogmantasyon nan wotè anlè pòpyè yo epi mete yo nan pozisyon nòmal yo.
Ptosis ka afekte vizyon yon moun epi li ka grav pou timoun, menm jan li ka anpeche devlopman vizyon an.
ENJEKSYON AVASTIN
Piki medikaman sa a pèmèt yo diminye ak / oswa elimine èdèm makilè a, menm pou moun ki dyabèt. Sa a pèmèt pasyan an vinn gen bon jan kalite nan fason li we.
PONKSYON LOMBÈ
Nan medsin ponksyon lonbè se yon pwosedi ki fèt pou pran yon echantiyon nan likid ¨Cerebrospinal¨ la pou yon analiz biyochimik, mikrobiyolojik ak sitolojik, oswa nan ka ki ra diminye presyon nan likid ¨Cerebrospinal¨la.
Yo itilizel pou mezire presyon andedan kran lan, paske si li wo li kapab yonn nan kòz tèt fè mal san rete.









Antes
Después



OPERASYON RETIN EPI VIT
Vitrektomi se yon operasyon zye yo itilize pou retire vit la (yon jèl ki plen kavite je a).
Operasyon sa a pèmèt anpil pasyan ki sa fe kèk ane te pèdi vizyon yo vinn rekiperel oswa vinn we nan nivo trè satisfezan.

Punto
PlastI
Se yon Pwosedi pou rekonstwi ak rekanalize pwen dlo yo nan je a.
Tretman sa a ap chache diminye kantite dlo je yo lè gen yon blokaj nan kanal je a, kote je a ak nen kominike a ki pèmèt drenaj dlo je yo fet.

Dacrio
Se yon enfeksyon nan sak dlo je yo, an jeneral ki koze pa ¨Staphylococci¨. Nan timoun ou ka jwenn ¨Haemophilus influenzae¨, ¨Estreptococo beta-hemolíticos¨ ak ¨Neumococos¨.
Fonksyon sistèm eskretoryòm lakrimojèn lan se drenaj dlo je yo pou mouye je a. Lè kanal sa a bouche li lakòz dlo nan je yo pa koule epi li vinn pwodwi enfeksyon.

Crosslinking
Li se yon pwosedi kote yo itilize yon pwodui chimik pou reyaksyon an ranfòse kònè a, fè li mwens elastik ak plis rezistan, yo konbine ultraviolet ak Riboflavin radyasyon. Avèk Crosslinking li posib pou pwogresyon nan keratokon ak lòt eta kònè yo sispann.
CHALAZION AK ESTI
Se yon seri boul anlè je a. Yo fòme lè yon glann nan anlè je a ke yo rele glann Meibomian vinn elaji. Yo trete ak konprès cho, krèm antibyotik, piki esteroyid ak operasyon chirijikal.

Segman dèyè

Pterygium
Se yon kwasans anòmal akoz enflamasyon nan tisi konjonktif la e ki gen tandans ale nan pati blan nan je a jis rive nan tisi kònè a. Tisi anòmal sa anfle akoz likid je a diminye, sa konn pwodi akoz moun lan ekspoze twop nan solèy , nan van oswa lòt bagay ki irite je yo. Moun lan ka gen sansasyon kel gen yon kò etranje nan je a epi li gen yon aparans ankonbre.
Se yon pwosedi ki fet tankou yon drenaj. Li endike pou diminye presyon andedan je a, lè tretman ak dwòg ¨Hypotensive¨ yo pa ase epi maladi a ap pwogrese.
Yo kreye yon fason pou imè a soti nan chanm dèyè a pou al nan espas ki anlè konjonktif la, sa kreye yon filtrasyon nan konjektif la.

Retin
Kònè
OPERASYON REFRAKTIF
BAG ANDEDAN KÒNÈ A

Glokòm
Operasyon sa se yon pwosedi kote yo foure yon ti tib nan devan je a, ki konekte nan yon rezèvwa ki anba konjonktif la; Operasyon sa a ofri pi gwo siksè pase Trabeculectomy ak Sclerectomy pwofon.
Operasyon an fèt nan yon klinik, ak anestezi lokal oswa jeneral, epi anjeneral pran apeprè 45 minit. Li pa fè mal ni pandan oswa apre pwosedi a.
Ciclocrio
Operasyon sa, yo itilize fredi pou li epi detwi tisi endezirab yo. Operasyon sa fèt ak yon enstriman yo rele Criosonda, ki gen yon pwent fen ke yo refwadi ak gaz kabonik oswa oksid nitrit. Operasyon sa a fèt pou ogmantasyon nan presyon anndan je yo sispann.

LÒT OPERASYON
Okiloplastik
RETRAKSYON PÒPYÈ
Se yon patoloji ki anjeneral parèt api asosye ak tiwoyid, li bay pasyan an aspè yon moun ki toujou pè.
Operasyon an fèt pou febli mis ki anlè je yo, epi pèmet pasyan an retounen gen bon ekspresyon´l , li reyabilite´l pou lavi sosyal ak travay li.

TIMÈ NAN PÒPYÈ
Timè nan pòpyè yo reprezante yon gwo pwoblèm nan patoloji je.
Pifò blesi ki parèt sou pòpyè yo se timè, kidonk sa yo dwe etidye apwè yo fin retire yo, paske yo kapab afekte lavi pasyan an.


Operasyon refraktif se yon seri pwosedi ki modifye anatomi a nan je a, espesyalman kònè a, li elimine yon fwa pou tout domaj refraktif pou miyopi, ipèmetropi ak astigmatis pou moun lan pa bezwen itilize linèt oswa lantiy anko.