top of page

Facelift ak lazè CO2 Fraccionado

Nan trètman sa, yo retire kouch ekstèn po ki fè pli akoz veyès pou yon lòt po pi jenn ka parèt. Trètman an ka fèt pou elimine liy nan ekspresyon, gwo pli nan figi epi pou retire mak bouton.

Eske mka Fè Lazè CO2 FRACCIONADO?

Li ka aplike pou nenpòt moun kèlkeswa sèks, laj oswa koulè po.

Yon konsiltasyon avèk nou ka premye etap la pou vinn genyen yon po pi jenn.

Ki benefis li ofri?

Kòman yo fè pwosedi sa?

Benefis yo gen ladan yo yon trètman pou gwo pli nan figi, koreksyon mak ak kèk lòt defò nan po a. Liy alantou bouch la, gwo liy san fon ki fòme bò nen an nan ang yo epi rive nan bouch epi pou korije mak bouton kite nan figi a.

Konbyen tan pasyan ap pran pou´l rekipere?

Pou pwosedi sa pasyan an pa bezwen entène, li ka fèt nan yon biwo yon medsen ki kalifye, yo fèl ak yon anestezi lokal (anestezi ki fet an krèm nan zòn kote yo dwe trete a), pasyan an ap reveye nan tout trètman an san li pa santi doulè.

Tan an rekiperasyon an pral depann de kalite po yo dwe trete a ak entansite nan lazè ke yap itilize a, li ka soti nan twa jou pou rive nan yon semèn.

Pasyan an ka santi kèk enflamasyon ak ti malèz, ki pral kontwole ak medikaman. Rekiperasyon an pral depann de sitiyasyon sante ak aktivite fizik chak pasyan.

 

Si figi ou montre siy laj epi ou ta renmen korije defo sa yo oswa lòt defo nan po ou, yon pwosedi rejenerasyon lazè CO2 ka bon pou ou.

Èske po´m ka resevwa trètman sa?

90% po kandida pou yo itilize trètman sa, sepandan gen yon group ki gen koulè po yo nwa ki ka paka fè pwosedi a, paske lazè a ka pwovoke po a vinn yon lot koule.

Facelift

ak lazè

CO2 Fraccionado

...li bwochi a pou plis enfòmasyon

bottom of page